SlideShare ist ein Scribd-Unternehmen logo
1 von 6
GID ANTISIPASYON
PROGRAM SANTE TIMOUN
CESFAM GARÍN QUINTA NORMAL
ENKOURAJMAN POU BAY TIMOUN YO LET MANMAN LE YO FENK FET.
OTE FEYE SA: EU GLADYS DIAZ
RESPONSAB PROGRAM SANTE TIMOUN YO
CESFAM GARIN QUINTA NORMAL
INTRODIKSYON
KI BENEFIS KI GENYEN NAN LET MANMAN?
Li enpotan pou nou konnen benefis ak avantaj ki genyen nan let manman .
Dapres yon etid kifet let manman an se manje ki pi bon pou devlopman ti bebe yo e
li ede yo grandi , paske li gen anpil vitamine ladanl. Let manman an gen yon bagay
ladanl ki rele emoglobulin ki proteje ti bebe yo de anpil infeksyon , protein sa ede
timoun yo devlope byen .
OBJEKTIF FEYE SA
1) Ankourajew bay ti bebe yo let manman jiskaske yo gen 6 mwa.
2) Ede timoun yo grandi pi byen ,yo pa obez , yo pa gen infeksyon nan zorey
yo,yo pa gen diare ak infeksyon nan pati entim yo.
3) Yo gen mwens chans pou yo gen maladi grav tankou sik , maladi nan
lestomak yo avek kelke kanse timoun konn fe.
4) Ede vizaj bebe yo devlope pandan yap tete.
5) Ede ti bebe yo byen devlope intelektyelman pandan yap tete .
6) manman ki fin akouche yo gen mwens chans pou yo fe emoraji ,kanse nan
tete,nan matris yo ak doule nan zo.
7) Ou Devlope yon meye relasyon ant ou menm ak bebew e edew santiw pi
byen moralman .
Kimoun sa konsene?
Li konsene fanm anset yo ak manman ki fenk akouche .li konsene fanmi ti bebe a
tou tankou papa ti bebe a ak grann bebe a.
Yap travay avek manman an ,papa ti bebe ,avek moun kap veye timoun nan lel li
vinn nan kontrol .
GID ANKOURAJMAN POU BAY TI MOUN TETE
SEKRE POU KE LET MANMAN AN KA BON
10 BAGAY POU KONNEN AK FE LEW AP BAY TETE
Fok tanperati kow nomal, e fok ou toujou pre.
Li pa koute che.
Li fasil anpil e wap alez pou fel (lew fin aprann jan pou fel la).
Li vreman bon.
Li asure devloman timoun nan, manman an bay timoun nan yon antiko ki
proteje timoun nan de anpil maladi.
Lap proteje bebe a de maladi a kou tem ,lap gen mwens dyare ,enfeksyon
nan zorey ,fyev, ak problem respirasyon.
Lap proteje bebe a de maladi ki dire ak maladi kipa dire : lap gen mwen
chans poul fe aleji , sik , poul obez.
Manman an ap gen anpil avantaj :matriz li ap geri ,lap gen mwens san ,lap
pedi grose fasil ,lap evite kanse nan tete avek doule nan do.
Lew pa gen reg ou pandan kelke mwa ap edew rejwenn saw te pedi yo .
Lap favorize relasyonw avek bebe a, e lap fel vinn entelijan.
KELKE KONSEY POU BEBE KI FENK FET
Mete ti bebe a nan tete nan premye 2 èdtan nan lavil
Bay tibebe a tete lel komanse few siy kel grangou tankou( lel ap vire tet li , ouve
bouch li,oubyen lel ap souse dwet.)sanw pa kitel kriye e fok ou metew alez nan
moman wap bay tete a.
1. Verifye ke bebe a ap tete byen avek bouch li byen louvri nan tout tete a se pa
nan pwent tete a selman.
2. Kite bebe a tete kantite tan li vle .
3. Gen kek bebe ki satisfe rapid e gen lot non .
4. Al nan dokte siw wel gen doule ak siw wel pa janm satisfe petet se byen li
pap byen tete.
5. Pou ka gen anpil let fow bay tete pi souvan.men le tetew gen anpil let rete
ladanl sa rann kow pa pwodwi let .
6. Pa bay tibebe a souset tout tan li pa ko finn fo nan tete poukol .
7. Li pa enpotan pou bay bebe a dlo tout tan .
POZISYON POU BAY TETE
Meye pozisyon an se pozisyon ke manman an santil alez la.Li enpotan pou ko bebe
a anfans manman ( vant li dwe kole ak vant manman an ) sanl pa gen bezwen vire
tet li .
KIJAN E KILE POU TIMOUN NAN PRAN TETE?
Depi bebe a proche tet li sou tetew li frote nenl, bouch li oubyen machwel fok ou ba
li tete. se réflex sa yo li gen lakay li ki pemet li cheche tete a e kifel ouve bouch li.lel
ouve bouch li se le sa pou ou pwofite pou mete tete a nan bouch li.
LE BEBE A AP PRAN TETE BYEN WAP KAPAB OBSEVE
Yon bon pati nan tete a antre nan bouch li. (Areole)
Bouch li byen louvri e babine li byen kole ak tetew.
Lel ap souse li pap fe anpil bwi lap bouje bouch li e manman an pap santi ankenn
doule
Li pa nesese pou ou mete menw oubyen kebe tetew lew ap bay bebe a tete.
LÈ AK KANTITE TAN POU BEBE A TETE
Pandan premye mwa a li enpotan pou bebe a tete souvan (8-12 fwa).
Chak bebe gen fason pa yo, genyen ki tete pi plis e gen lot ki tete mwens,gen
jou li ka tete plis e gen jou li ka tete mwens.
Li pa nesese pou ou pwograme pou bal tete .
Siw kite bebe a deside kile pouw bal tete,si se li menm ki pwograme tet li.kow
ap pwodwi kantite egzakte wap gen bezwen an e tetew pap janm lou ak let
toutan .
Li enpotan pou bay bebe a tete nan nwit ( le swa )sitou nan mwa li fenk fet yo
.ou ka kite bebe a tete toutan li vle nan tou le 2 tetew yo, jiskaske li retirel pou
kol oubyen jiskaske li domi.
Sil domi souvan e li pap tete ,ou ka kenbe tetew mete nan bouch li pouw
kapab bal anvi pran let.
SWEN POU MANMAN YO
Lave tetew avan ou bay tete,lave tetew lew fin bay tete .
Lew fin bay tete ou ka eseye pese tetew e retire enpe let e kitel sech pou
kol,sa ap pemet li pa sansib anko si tetew yo te sansib.
Manman supoze ap byen manje e li dwe manje manje ki gen vitamine.
Manman an ap swaf souvan lel ap bay tete, pou tet sa li enpotan pouw bwe
dlo souvan.
Bwason enteresan tankou kafe koka kola yo ou dwe evite yo.
Li enpotan pou ou konsome let, ou ka jwen li nan fwomaj yogut ekt...
Li pa konseye pou ou fimen tabak sigaret ak bwe alkol.

Weitere ähnliche Inhalte

Empfohlen

PEPSICO Presentation to CAGNY Conference Feb 2024
PEPSICO Presentation to CAGNY Conference Feb 2024PEPSICO Presentation to CAGNY Conference Feb 2024
PEPSICO Presentation to CAGNY Conference Feb 2024Neil Kimberley
 
Content Methodology: A Best Practices Report (Webinar)
Content Methodology: A Best Practices Report (Webinar)Content Methodology: A Best Practices Report (Webinar)
Content Methodology: A Best Practices Report (Webinar)contently
 
How to Prepare For a Successful Job Search for 2024
How to Prepare For a Successful Job Search for 2024How to Prepare For a Successful Job Search for 2024
How to Prepare For a Successful Job Search for 2024Albert Qian
 
Social Media Marketing Trends 2024 // The Global Indie Insights
Social Media Marketing Trends 2024 // The Global Indie InsightsSocial Media Marketing Trends 2024 // The Global Indie Insights
Social Media Marketing Trends 2024 // The Global Indie InsightsKurio // The Social Media Age(ncy)
 
Trends In Paid Search: Navigating The Digital Landscape In 2024
Trends In Paid Search: Navigating The Digital Landscape In 2024Trends In Paid Search: Navigating The Digital Landscape In 2024
Trends In Paid Search: Navigating The Digital Landscape In 2024Search Engine Journal
 
5 Public speaking tips from TED - Visualized summary
5 Public speaking tips from TED - Visualized summary5 Public speaking tips from TED - Visualized summary
5 Public speaking tips from TED - Visualized summarySpeakerHub
 
ChatGPT and the Future of Work - Clark Boyd
ChatGPT and the Future of Work - Clark Boyd ChatGPT and the Future of Work - Clark Boyd
ChatGPT and the Future of Work - Clark Boyd Clark Boyd
 
Getting into the tech field. what next
Getting into the tech field. what next Getting into the tech field. what next
Getting into the tech field. what next Tessa Mero
 
Google's Just Not That Into You: Understanding Core Updates & Search Intent
Google's Just Not That Into You: Understanding Core Updates & Search IntentGoogle's Just Not That Into You: Understanding Core Updates & Search Intent
Google's Just Not That Into You: Understanding Core Updates & Search IntentLily Ray
 
Time Management & Productivity - Best Practices
Time Management & Productivity -  Best PracticesTime Management & Productivity -  Best Practices
Time Management & Productivity - Best PracticesVit Horky
 
The six step guide to practical project management
The six step guide to practical project managementThe six step guide to practical project management
The six step guide to practical project managementMindGenius
 
Beginners Guide to TikTok for Search - Rachel Pearson - We are Tilt __ Bright...
Beginners Guide to TikTok for Search - Rachel Pearson - We are Tilt __ Bright...Beginners Guide to TikTok for Search - Rachel Pearson - We are Tilt __ Bright...
Beginners Guide to TikTok for Search - Rachel Pearson - We are Tilt __ Bright...RachelPearson36
 
Unlocking the Power of ChatGPT and AI in Testing - A Real-World Look, present...
Unlocking the Power of ChatGPT and AI in Testing - A Real-World Look, present...Unlocking the Power of ChatGPT and AI in Testing - A Real-World Look, present...
Unlocking the Power of ChatGPT and AI in Testing - A Real-World Look, present...Applitools
 
12 Ways to Increase Your Influence at Work
12 Ways to Increase Your Influence at Work12 Ways to Increase Your Influence at Work
12 Ways to Increase Your Influence at WorkGetSmarter
 
Ride the Storm: Navigating Through Unstable Periods / Katerina Rudko (Belka G...
Ride the Storm: Navigating Through Unstable Periods / Katerina Rudko (Belka G...Ride the Storm: Navigating Through Unstable Periods / Katerina Rudko (Belka G...
Ride the Storm: Navigating Through Unstable Periods / Katerina Rudko (Belka G...DevGAMM Conference
 
Barbie - Brand Strategy Presentation
Barbie - Brand Strategy PresentationBarbie - Brand Strategy Presentation
Barbie - Brand Strategy PresentationErica Santiago
 

Empfohlen (20)

PEPSICO Presentation to CAGNY Conference Feb 2024
PEPSICO Presentation to CAGNY Conference Feb 2024PEPSICO Presentation to CAGNY Conference Feb 2024
PEPSICO Presentation to CAGNY Conference Feb 2024
 
Content Methodology: A Best Practices Report (Webinar)
Content Methodology: A Best Practices Report (Webinar)Content Methodology: A Best Practices Report (Webinar)
Content Methodology: A Best Practices Report (Webinar)
 
How to Prepare For a Successful Job Search for 2024
How to Prepare For a Successful Job Search for 2024How to Prepare For a Successful Job Search for 2024
How to Prepare For a Successful Job Search for 2024
 
Social Media Marketing Trends 2024 // The Global Indie Insights
Social Media Marketing Trends 2024 // The Global Indie InsightsSocial Media Marketing Trends 2024 // The Global Indie Insights
Social Media Marketing Trends 2024 // The Global Indie Insights
 
Trends In Paid Search: Navigating The Digital Landscape In 2024
Trends In Paid Search: Navigating The Digital Landscape In 2024Trends In Paid Search: Navigating The Digital Landscape In 2024
Trends In Paid Search: Navigating The Digital Landscape In 2024
 
5 Public speaking tips from TED - Visualized summary
5 Public speaking tips from TED - Visualized summary5 Public speaking tips from TED - Visualized summary
5 Public speaking tips from TED - Visualized summary
 
ChatGPT and the Future of Work - Clark Boyd
ChatGPT and the Future of Work - Clark Boyd ChatGPT and the Future of Work - Clark Boyd
ChatGPT and the Future of Work - Clark Boyd
 
Getting into the tech field. what next
Getting into the tech field. what next Getting into the tech field. what next
Getting into the tech field. what next
 
Google's Just Not That Into You: Understanding Core Updates & Search Intent
Google's Just Not That Into You: Understanding Core Updates & Search IntentGoogle's Just Not That Into You: Understanding Core Updates & Search Intent
Google's Just Not That Into You: Understanding Core Updates & Search Intent
 
How to have difficult conversations
How to have difficult conversations How to have difficult conversations
How to have difficult conversations
 
Introduction to Data Science
Introduction to Data ScienceIntroduction to Data Science
Introduction to Data Science
 
Time Management & Productivity - Best Practices
Time Management & Productivity -  Best PracticesTime Management & Productivity -  Best Practices
Time Management & Productivity - Best Practices
 
The six step guide to practical project management
The six step guide to practical project managementThe six step guide to practical project management
The six step guide to practical project management
 
Beginners Guide to TikTok for Search - Rachel Pearson - We are Tilt __ Bright...
Beginners Guide to TikTok for Search - Rachel Pearson - We are Tilt __ Bright...Beginners Guide to TikTok for Search - Rachel Pearson - We are Tilt __ Bright...
Beginners Guide to TikTok for Search - Rachel Pearson - We are Tilt __ Bright...
 
Unlocking the Power of ChatGPT and AI in Testing - A Real-World Look, present...
Unlocking the Power of ChatGPT and AI in Testing - A Real-World Look, present...Unlocking the Power of ChatGPT and AI in Testing - A Real-World Look, present...
Unlocking the Power of ChatGPT and AI in Testing - A Real-World Look, present...
 
12 Ways to Increase Your Influence at Work
12 Ways to Increase Your Influence at Work12 Ways to Increase Your Influence at Work
12 Ways to Increase Your Influence at Work
 
ChatGPT webinar slides
ChatGPT webinar slidesChatGPT webinar slides
ChatGPT webinar slides
 
More than Just Lines on a Map: Best Practices for U.S Bike Routes
More than Just Lines on a Map: Best Practices for U.S Bike RoutesMore than Just Lines on a Map: Best Practices for U.S Bike Routes
More than Just Lines on a Map: Best Practices for U.S Bike Routes
 
Ride the Storm: Navigating Through Unstable Periods / Katerina Rudko (Belka G...
Ride the Storm: Navigating Through Unstable Periods / Katerina Rudko (Belka G...Ride the Storm: Navigating Through Unstable Periods / Katerina Rudko (Belka G...
Ride the Storm: Navigating Through Unstable Periods / Katerina Rudko (Belka G...
 
Barbie - Brand Strategy Presentation
Barbie - Brand Strategy PresentationBarbie - Brand Strategy Presentation
Barbie - Brand Strategy Presentation
 

GUÍA ANTICIPATORIA DE LACTANCIA MATERNA EN KREOLE

  • 1. GID ANTISIPASYON PROGRAM SANTE TIMOUN CESFAM GARÍN QUINTA NORMAL ENKOURAJMAN POU BAY TIMOUN YO LET MANMAN LE YO FENK FET. OTE FEYE SA: EU GLADYS DIAZ RESPONSAB PROGRAM SANTE TIMOUN YO CESFAM GARIN QUINTA NORMAL
  • 2. INTRODIKSYON KI BENEFIS KI GENYEN NAN LET MANMAN? Li enpotan pou nou konnen benefis ak avantaj ki genyen nan let manman . Dapres yon etid kifet let manman an se manje ki pi bon pou devlopman ti bebe yo e li ede yo grandi , paske li gen anpil vitamine ladanl. Let manman an gen yon bagay ladanl ki rele emoglobulin ki proteje ti bebe yo de anpil infeksyon , protein sa ede timoun yo devlope byen . OBJEKTIF FEYE SA 1) Ankourajew bay ti bebe yo let manman jiskaske yo gen 6 mwa. 2) Ede timoun yo grandi pi byen ,yo pa obez , yo pa gen infeksyon nan zorey yo,yo pa gen diare ak infeksyon nan pati entim yo. 3) Yo gen mwens chans pou yo gen maladi grav tankou sik , maladi nan lestomak yo avek kelke kanse timoun konn fe. 4) Ede vizaj bebe yo devlope pandan yap tete. 5) Ede ti bebe yo byen devlope intelektyelman pandan yap tete . 6) manman ki fin akouche yo gen mwens chans pou yo fe emoraji ,kanse nan tete,nan matris yo ak doule nan zo. 7) Ou Devlope yon meye relasyon ant ou menm ak bebew e edew santiw pi byen moralman . Kimoun sa konsene? Li konsene fanm anset yo ak manman ki fenk akouche .li konsene fanmi ti bebe a tou tankou papa ti bebe a ak grann bebe a. Yap travay avek manman an ,papa ti bebe ,avek moun kap veye timoun nan lel li vinn nan kontrol . GID ANKOURAJMAN POU BAY TI MOUN TETE SEKRE POU KE LET MANMAN AN KA BON 10 BAGAY POU KONNEN AK FE LEW AP BAY TETE
  • 3. Fok tanperati kow nomal, e fok ou toujou pre. Li pa koute che. Li fasil anpil e wap alez pou fel (lew fin aprann jan pou fel la). Li vreman bon. Li asure devloman timoun nan, manman an bay timoun nan yon antiko ki proteje timoun nan de anpil maladi. Lap proteje bebe a de maladi a kou tem ,lap gen mwens dyare ,enfeksyon nan zorey ,fyev, ak problem respirasyon. Lap proteje bebe a de maladi ki dire ak maladi kipa dire : lap gen mwen chans poul fe aleji , sik , poul obez. Manman an ap gen anpil avantaj :matriz li ap geri ,lap gen mwens san ,lap pedi grose fasil ,lap evite kanse nan tete avek doule nan do. Lew pa gen reg ou pandan kelke mwa ap edew rejwenn saw te pedi yo . Lap favorize relasyonw avek bebe a, e lap fel vinn entelijan. KELKE KONSEY POU BEBE KI FENK FET Mete ti bebe a nan tete nan premye 2 èdtan nan lavil Bay tibebe a tete lel komanse few siy kel grangou tankou( lel ap vire tet li , ouve bouch li,oubyen lel ap souse dwet.)sanw pa kitel kriye e fok ou metew alez nan moman wap bay tete a.
  • 4. 1. Verifye ke bebe a ap tete byen avek bouch li byen louvri nan tout tete a se pa nan pwent tete a selman. 2. Kite bebe a tete kantite tan li vle . 3. Gen kek bebe ki satisfe rapid e gen lot non . 4. Al nan dokte siw wel gen doule ak siw wel pa janm satisfe petet se byen li pap byen tete. 5. Pou ka gen anpil let fow bay tete pi souvan.men le tetew gen anpil let rete ladanl sa rann kow pa pwodwi let . 6. Pa bay tibebe a souset tout tan li pa ko finn fo nan tete poukol . 7. Li pa enpotan pou bay bebe a dlo tout tan . POZISYON POU BAY TETE Meye pozisyon an se pozisyon ke manman an santil alez la.Li enpotan pou ko bebe a anfans manman ( vant li dwe kole ak vant manman an ) sanl pa gen bezwen vire tet li .
  • 5. KIJAN E KILE POU TIMOUN NAN PRAN TETE? Depi bebe a proche tet li sou tetew li frote nenl, bouch li oubyen machwel fok ou ba li tete. se réflex sa yo li gen lakay li ki pemet li cheche tete a e kifel ouve bouch li.lel ouve bouch li se le sa pou ou pwofite pou mete tete a nan bouch li. LE BEBE A AP PRAN TETE BYEN WAP KAPAB OBSEVE Yon bon pati nan tete a antre nan bouch li. (Areole) Bouch li byen louvri e babine li byen kole ak tetew. Lel ap souse li pap fe anpil bwi lap bouje bouch li e manman an pap santi ankenn doule Li pa nesese pou ou mete menw oubyen kebe tetew lew ap bay bebe a tete. LÈ AK KANTITE TAN POU BEBE A TETE Pandan premye mwa a li enpotan pou bebe a tete souvan (8-12 fwa). Chak bebe gen fason pa yo, genyen ki tete pi plis e gen lot ki tete mwens,gen jou li ka tete plis e gen jou li ka tete mwens.
  • 6. Li pa nesese pou ou pwograme pou bal tete . Siw kite bebe a deside kile pouw bal tete,si se li menm ki pwograme tet li.kow ap pwodwi kantite egzakte wap gen bezwen an e tetew pap janm lou ak let toutan . Li enpotan pou bay bebe a tete nan nwit ( le swa )sitou nan mwa li fenk fet yo .ou ka kite bebe a tete toutan li vle nan tou le 2 tetew yo, jiskaske li retirel pou kol oubyen jiskaske li domi. Sil domi souvan e li pap tete ,ou ka kenbe tetew mete nan bouch li pouw kapab bal anvi pran let. SWEN POU MANMAN YO Lave tetew avan ou bay tete,lave tetew lew fin bay tete . Lew fin bay tete ou ka eseye pese tetew e retire enpe let e kitel sech pou kol,sa ap pemet li pa sansib anko si tetew yo te sansib. Manman supoze ap byen manje e li dwe manje manje ki gen vitamine. Manman an ap swaf souvan lel ap bay tete, pou tet sa li enpotan pouw bwe dlo souvan. Bwason enteresan tankou kafe koka kola yo ou dwe evite yo. Li enpotan pou ou konsome let, ou ka jwen li nan fwomaj yogut ekt... Li pa konseye pou ou fimen tabak sigaret ak bwe alkol.