1
ANTHONY GEFFRARD
Le futur PROTECTEUR du CITOYEN et de la CITOYENNE
Kisa pwotektè sitwayen an gen pou fè? Sa nou ta ka rele nan lang Franse
“ Les attributions du protecteur”
Pwotektè sitwayen an ap dirije OPC, il gen pou li :
Pote kontribisyon pa li nan moute politik jeneral sou pwoteksyon dwa
tout moun sitou sou dwa moun nan rapò yo ak administrasyon piblik lan
epi veye sou aplikasyon yo.
Bay oryantasyon ak defini objektif estratejik OPC
Veye si dwa tout moun respekte ; Si administrasyon piblik lan respekte
dwa moun yo ak pwoteje dwa tout moun.
Akonpanye nan fè medyasyon, tout moun oubyen gwoup moun ki viktim
abi nan administrasyon piblik lan.
Ankouraje Leta ratifye enstriman entènasyonal sou pwoteksyon dwa
moun, oubyen mete li dakò ak tèks ki ale nan menm sans ak yo. epi asire
li chak fwa sitsiyasyon an mande sa, pou aplike yo.
Kreye bon jan rapò ak enstitisyon ki angaje yo nan zafè medyasyon
tankou “Ombudsmans” yo ak lòt Medyatè yo.
2
Patisipe nan aktivite enstitisyon entènasyonal ak rejyonal ki angaje yo
dirèkteman oubyen endirèkteman nan zafè pwomosyon dwa moun epi po-
te kole ak yo.
Bay lòd pou Mennen bon jan ankèt epi evalye tout estrikti administrativ
ki gen nan OPC.
Degaje li pou fè OPC tabli nan tout depatman, komin ak tout jiridiksyon
tribunal premye enstans yo.
Sipòte tout aksyon ki la pou amelyore administrasyon piblik la oubyen
tout aktivite pou konsilye administrasyon piblik la ak fòs sosyal ak
pwofesyonèl yo.
Fè bon jan pwopozisyon sou refòm administrativ bay otorite ki gen kon-
petans pou sa, pou pote pi bon chanjman nan fonksyonman administra-
syon piblik ki konsène.
Degaje li pou fè OPC la nan aksyon devan lajistis pou tout sitiyasyon ak
zafè ki antre nan konpetans li.
Fè pouvwa piblik yo pwopozisyon pou modifye lwa ak règleman ki gen
rapò ak Dwa moun.
Bay avi pa li, san patipri, sou sa ki gen rapò ak dwa moun chak fwa gou-
vènman an mande li sa.
Fè pouvwa ekzekitif ak lejislatif wè tout sa ki se vylasyon dwa moun nan
tout peyi a epi pwopoze yo inisyativ pou fini ak sa.
3
Pote devan konsèy siperyè jidisyè
(CSPJ) a tout desizyon ilegal, jij
nan tribinal ak lakou yo, minis jis-
tis ak sekirite piblik la, zafè ilegal
kominisè gouvènman yo pran
kont sitwayen yo. Trennen devan
konsèy siperyè jidisyè (CSPJ) a
Direktè jeneral polis lan ak Di-
rektè administrasyon penitansye a
pou abi ajan yo fè sou sitwayen
yo.
Chwazi yon moun nan sosyete sivil la pou vini manm Konsèy administra-
syon Lekòl majistrati a nan yon lis 3 moun òganizasyon ki rekonèt , kap
defann dwa moun bay, jan lwa sou lekòl majistrati a mande sa.